Rekòmandasyon pou non Paj Facebook

Kopye lyen an
Non Paj lan genyen yo dwe reflete ak presizyon Paj lan epi yo dwe frespekte rekòmandasyon pou bay non nou yo. Sonje se sèlman reprezantan ki gen otorizasyon yo ki ka jere yon Paj pou yon mak, kote, òganizasyon oswa pèsonalite piblik.

Pi bon pratik pou bay Paj yo non

Kite non Paj la senp, espesifik ak kòrèk nan yon kad gramatikal pou reflete ak presizyon objektif Paj la. Pa egzanp, Hungry Bear Coffee, Allstar Locksmith oswa Caring Hearts Daycare.

Non Paj yo pa kapab gen ladan yo

  • Tèm oswa fraz ki ka abize oswa vyole dwa yon moun.
  • Mo "ofisyèl" si Paj la se pa Paj ofisyèl yon mak, yon kote, yon òganizasyon oswa yon pèsonaj piblik.
  • Move fòma lèt majiskil (egzanp: pi bon KaFE). Non Paj yo dwe itilize lèt majiskil ki kòrèk yon fason gramatikal epi yo tout pa ka an lèt majiskil, eksepte akwonim yo.
  • Senbòl (egzanp: ® ) oswa ponktiyasyon ki pa nesesè.
  • Deskripsyon oswa eslogan (egzanp: Pi Bon Kafe - Nou sèvi pi bon kafe nan vil la). Moun ki ap jere Paj yo kapab ajoute enfòmasyon sa nan seksyon Apwopo yon Paj.
  • Nenpòt varyasyon nan non "Facebook" yo (sa vle di pwodui a), "Meta" (sa vle di konpayi a) oswa nenpòt nan Pwodui Konpayi Meta yo.
  • Non paj yo pa ka gen ladan yo sèlman

    • Yon sèl, mo jeneral (egzanp: Pitza). Se reprezantan ofisyèl pou sijè y ap trete a ki dwe jere Paj yo, pou rezon sa a evite non Paj ki twò vas.
    • Pozisyon jeyografik jeneral (egzanp: New York). Sepandan, ou ka kreye yon non Paj pou yon òganizasyon ki reprezante yon pozisyon jeyografik. Pa egzanp, "New York City – Biwo Majistra" ak "Rèn Elizabeth II Wayòmini" se non Paj ki akseptab. Ou kapab itilize tou yon non pou Paj ki diferan ak non òganizasyon an toutotan non reflete ak presizyon objektif Paj la (egzanp: "Tourism Ireland" kapab gen yon Paj ki rele "Discover Ireland").

    Wi
    Non

    Other ways to get help

    Chat with Meta AI support assistant
    Resolve issues, make changes and get support in real time